Fritz Deshommes retrase chimen Akademi Kreyòl Ayisyen
19 juin 2019
Pou 25e edisyon pi gwo koudjay kiltirèl ki gen nan peyi a, Fritz Deshommes, yon manm nan Akademi Kreyòl Ayisyen, ap prezante nou liv li, “Sou chimen Akademi Kreyòl Ayisyen”, ki fenk parèt nan lane 2019 la sou direksyon Inivèsite Leta Ayiti. Ekonomis, ekriven, edikatè, otè a gen plizyè chapo sou tèt li. Prefas liv la se Pauris Jean-Baptiste, premye prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), ki ekri l.